MAD-S - MORNE L’HOPITAL - Tekst piosenki, lyrics - teksciki.pl

MORNE L’HOPITAL

MAD-S

JOUALA

29

Rap

Tekst piosenki
Intro: Message à la nation Mvin fѐ n sonje danje Mòn lopital la Mtande nap pale de rekonstrisyon Pou mwen se chante nap chante tropicana Paske msanti nou bliye enpòtans tѐt mon nan kenbe vil pwòp Mte dwe wѐ on ekip expѐ nan tѐt mòn yo deja Pou lѐ n fin konstwi bѐl imѐb yo anba Pou n pa fenk kare nan dega Refrain: Mòn lan pòt non lopital, tandike l malad byen mal Mtwouve sa pa nòmal,tout ti kwen w pase se kay Pouki n pa panse plante pou n rebwaze Lѐ sa na sispann viv nan salte Verse 1 : Si wap pale de konstriksyon zanmi mesaj sa se paw Sepa kwaze braw tou komanse rale ti chѐz baw Poumka rakontew ke ka mòn lopital trѐ kritik Kote pouta gon pye bwa gon ti kay tòl plen pitit Di yon mo pou yo, paske nou wѐ yap fouye pwòp trou yo Pifò sòt nan peyi yo paske mize ya twòp pou yo Gon seri gwo poto k gen fil kouran pase ladan yo Gen moun se anba yo jwenn yon ti tѐ k mezi lajan yo Ladanl yo bati kay men leta pa di way Men se pa mwen k pou diw ke sa son gwo danje sosyal Kòm aktivite komѐsyal pifò fouye sab vann Vin rann mòn lopital tounen on vye savann Pa palem de konstriksyon zanmi si mòn sa nou bliyel Sinon vil la pral plede sal lѐ nou fin abiyel Poun byen fѐl fò n reflechi sispann fѐ sa n santi Aji an pwofesyonѐl sispann aji an apranti Refrain: ……………………………………………… Verse 2 : Sal te ye mtande nap di se sa n fѐ nap peye Mkonn anpil nan nou k pa vle chanjman se sak fѐ nap veye Sal te dwe elimine pou chape sa k TB Chak jou milyon ap antre mwen pa janm wѐ sak regle Poukisa nou refize envesti nan moun ? Poukisa nou meprize menm vye ti gran moun ? Nou menm jѐn nou gen jevrin pou rebwaze peyi n Prepare avni n nap plante pou epanye lavi n Pagen zuzu banm pikwa mwen banm rato mwen Banm kouto digo m poum al plante viktwa mwen Mwen paka rete sanm pa pale Pou peyi a wòz fòk tѐt mòn yo pa kale Bagay mòn lopital sa fѐ ti kanal tounen ravin On ti lapli tonbe vil la sal kou tou nen larim (eeee) OUF AYITI! OUF AYITI! Tankou tout lot jѐn se nan mouvman sa mwѐ avinm Refrain: …………………………………………… Verse 3 : Sa map di yo pa ekzijans men se konsѐy Pou nou sòti nan penitans sa fòk nou fon sѐl Fòk nou rezoud pwoblѐm idantite a Fòk nou konsyan pwoblѐm dan blan se pwoblѐm dan pike ya Lѐ sa w pap wѐ pou chanje tѐt ou sѐlman ou tap chanje peyiw Sou drapow ou ta fѐ sѐman outap sonje se viw Nou vle dim nou pa konn ki danje mòn sa reprezante Nou tout konnen pi byen pasem solisyon l se plante Fò n komanse dekonsantre poun ka desantralize Sin vle peyi n an sante fò n kòmanse sann pa mize Lѐ n fin leve moun anba tant nan mòn kote nap mete yo Pou soyѐt pa mare vant lѐ yap tande kaptѐnn meteyo Fok kay nap mete moun yo trѐ vivab Pou tout pitit ayiti gen yon bѐl vi stab Se mòn lopital kite fѐm antre nan tout detay sa yo Revenons à nos moutons poukisa tout deba sa yo Bridge : Fòk nou sispann debwaze tѐt mòn nou yo Aprann kanalize rѐv nou yo Konprann ke se peyi a nap blo, yѐp ke se peyi a nap blo Kounya n dwe kolabore main dans la main pou n fratenize Peyia poun desantrilize si se pa sa Ayiti ap kraze eeeeee Refrain:…………………………………………………… Outro : Yer fò n kòmanse òganize nou Si n ta renmen chanje figi lokalite nou Paske mpa kwѐ gen youn nan otorite nou yo k Konn tout ti kwen anndan peyia Se nou k pou rale pwoblѐm yo pwojte nan boul vizaj yo Se sak fѐ mwen Mad-S nѐg street, mkreye OUF AYITI On mouvman de ce genre poum ka kontribiye nan on Ayiti bѐl e sweet JOUALA BEBI !
Tłumaczenie
Brak

Najnowsze teksty piosenek

Sprawdź teksty piosenek i albumy dodane w ciągu ostatnich 7 dni